Koman Pou Kreye Yon Brand (Mak)Solid: Gid Pratik Pou Moun Ki Vle Fè Yon Diferans

 

Nan Kreyòl Thrive Biz, misyon nou klè nèt: bay antreprenè Ayisyen yo mwayen atravè transfòmasyon mantalite, edikasyon, ak estrateji pou devlope Biznis yo. Men, anvan ou ka bati yon antrepriz ki pwospere, gen yon fondasyon enpòtan ou dwe mete an plas – mantalite ou.

🧠 Ki sa yon Mak ye?

Yon brand (mak) se pa logo sèlman. Se pwomès ou fè ak moun.
Se jan ou fè yo santi yo. Se karaktè ou mete nan sa w ap fè.
Mak ou se ou menm. Se pawòl ou kenbe, valè ou pote, vizyon ou chwazi pou ou.

🔑 Ki sa ou bezwen pou bati yon Brand (Mak) solid?

  1. Misyon ou – Poukisa mak sa egziste?

  2. Vizyon ou – Kisa ou vle rive fè/chanje?

  3. Valè ou – Ki prensip ki gide ou?

  4. Pèsonalite ou – Ou Ki jan ou pale? Ki jan aji?

  5. Ton ou – Ki jan ou kominike? (amizan, serye, senpatik?)

  6. Odyans ou – Pou kiyès ou la?

  7. Pwomès ou – Ki bagay ou pa janm manke delivre?

🛠 ETAP POU W BATI MAK OU

✅ ETAP 1: Idantifye tèt ou ak valè ou

  • Ki sa ou kwè ladan l?

  • Ki jan ou aji souvan?

  • Ki bagay ou toujou defann?

💡 Egzanp valè: Onètete, Simplicité, Inovasyon, Ekselans, Otonomi.

✅ ETAP 2: Fè yon deklarasyon brand

Misyon + Vizyon + Valè + Tòn = Brand Statement
👉 Egzanp: “Nou kwè chak moun ka kòmanse ti biznis li ak sa li genyen. Nou la pou nou gide w ak zouti ak enspirasyon pou grandi.”

✅ ETAP 3: Kreye idantite vizyèl

  • Logo (fè li gratis sou Canva.com)

  • Koulè prensipal + segondè

  • Tipografi (Ki stil Ekriti wap Chwazi)

  • Stil imaj ou renmen (modèn, natirèl, retro, minimalist)

✅ ETAP 4: Rete konsistan

Menm ton, menm koulè, menm mesaj, menm valè sou tout rezo yo, email, sitwèb ak pwodwi.


🌟 BONUS: Bati sitwèb ou rapidman

👉 Klike isit pou bati sitwèb ou ak Hoatinger AI 
Sitwèb ou se sant mak ou. Se li ki bay ou kredibilite, e mete w sou Google.


📥 TELECHAJE EBOOK GRATIS

 “Kreye Mak Ou PazaPa – Gid Senp Pou Antreprenè Ayisyen”
👉 Klike pou telechaje


📝 EGZÈSIS POU W FÈ JODI A

  1. Ekri 3 valè ou pi renmen.

  2. Ekri misyon ou an 1 fraz.

  3. Ki ton ou vle mak ou genyen? (Amikal? Zen? Enstwi?)

  4. Ki moun ou vle sèvi yo? (jèn, fanm, pwofesyonèl, kreyatif?)


🤖 PROMPTS CHATGPT  POU KREYE MAK OU

👉 Prompt pou ChatGPT:

Mwen vle bati yon mak solid sou entènèt. Tanpri ede m kreye misyon, vizyon, ak valè brand mwen. Mwen se yon moun ______ (egzanp: pasyone, onèt, kreyatif). Brand lan adrese ______ (egzanp: fanm ki vle kòmanse biznis). Fè m yon plan konplè pou devlope brand (mak) mwen.
 

✅ Sere prompt sa yo epi replike yo nan app ou a nenpòt ki lè.


🔚 KONKLIZYON:

Yon brand (mak) solid se pa mak ou mete sou papye,
Se jan moun santi ou, jan ou kenbe pawòl ou, ak jan ou viv valè ou chak jou.

Ou se brand (mak) ou.

Kòmanse jodi a. Fè premye pa a!

✅ Swiv nou sou Instagram / Facebook
✅ Download eBook nou an pou w mete tout bagay sou pye.
Klike pou bati sitwèb ou epi mete mak ou sou Google!

Antre nan Kominote Nou an

Footer Subscription Form
Scroll to Top