Ou Kreye Pwòp Reyalite W – Dekouvri Kijan Pou Chanje Lavi w

 

Nan Kreyòl Thrive Biz, misyon nou klè nèt: bay antreprenè Ayisyen yo mwayen atravè transfòmasyon mantalite, edikasyon, ak estrateji pou devlope Biznis yo. Men, anvan ou ka bati yon antrepriz ki pwospere, gen yon fondasyon enpòtan ou dwe mete an plas – mantalite ou.

Poukisa kèk antreprenè monte pandan ke lòt moun ap lite malgre yo gen menm opotinite? Repons lan souvan chita nan sistèm kwayans yo. Blog sa elabore kijan chanje mantalite ou ka debloke yn nivo siksè san parèy, eksplore etid ak dekpuvet, epi bay konsèy pratik espesyalman adapte pou kominote biznis Ayisyen an.

Tout sa ou kapab imajine, ou kapab realize

Eske w janm mande tèt ou poukisa lavi w parèt repete menm modèl yo?
Pafwa, nou panse se aza — men syans montre reyalite a diferan.
Reyalite w se pa aza: se atansyon w ak konsyans ou ki kreye li.

Syans Dèyè Reyalite a – Double Slit Experiment

Depi plis pase 100 ane, syantis dekouvri yon fenomèn ki chanje tout sa nou te konnen:
“Double Slit Experiment”.

Nan eksperyans sa, limyè konpòte l diferan depann si gen moun k ap obsève l oswa pa gen moun ditou.
Lè pa gen moun k ap gade li, limyè a deplase lib.
Lè gen moun k ap gade li, limyè a chanje konpòtman li.

Sa montre: Reyalite a adapte l ak atansyon ou.


💡 Egzanp Pratik – Panse W Kreye Rezilta W

Petèt w janm remake:
Yon jou ou di w bezwen yon machin wouj, epi depi lè sa, ou wè machin wouj tout kote.
Machin yo te toujou la, men w pa t remake yo paske w pa t konsantre sou yo.
Se egzakteman sa k ap pase ak opòtinite, relasyon, ak lajan nan lavi w.

🔥 Eksperyans Warren Buffett, Bill Gates ak Sekrè Siksè Yo

Gen yon istwa ki di:
Yon jou, Warren Buffett, Bill Gates, ak papa Bill Gates (Bill Gates Sr) te chita nan restoran an ansanm.
Manman Bill Gates mande yo:

“Ki sa ki pi enpòtan pou siksè ou?”

San diskisyon, tout 3 reponn menm mo an:
KONSANTRASYON.

✅ Konsantrasyon se kle a.
✅ Lè ou mete konsyans ou sou sa ki enpòtan, ou retire distraksyon.
✅ Ou itilize fòs mantal ou pou kreye rezilta ou vle yo.


🚀 Konklizyon:

Reyalite ou se refleksyon panse ou.
Ou pa bezwen pèfeksyon pou kòmanse – ou bezwen klè ak konsyans.
Chanje sa w gade, chanje sa w repete – epi lavi w ap chanje avè l.

Pa janm bliye:
👉🏾 Ou kreye pwòp reyalite w.


🔔 Rete konekte!
Mwen ap toujou pataje plis resous, ide ak zouti pou w kontinye bati reyalite w.
Pa ezite voye mesaj si w ta renmen m voye nouvo gid yo ba ou!

kontakte mou pou plis ed:  https://kreyolthrivebiz.com/get-in-touch/

Antre nan Kominote Nou an

Footer Subscription Form
Scroll to Top